|
|
Etidyan sa yo te pase plizyè mwa ansanm pou etidye premye faz fòmasyon an ki gen plizyè modil ak tèm sa yo: 1- Reyalite la tè 2- Reyalite nasyonal 3- Ekonomi politik ki anglobe 5 grand sosyete daprè teyori maksis nan konstriksyon sosyete yo (primitiv, feyodal, esklavajis, kapitalis, sosyalis) 4- Animasyon pou chanjman sosyal 5- Metòd òganizasyon peyizan 6- Dyagnostik peyizànri Aprè 45 jou fòmasyon, fòmatè yo jije bon ke tout 32 patisipan sa yo gen kapasite pou ale sansibilize moun nan kominote kote y'ap rete pou yo pran konsyans de sitiyasyon y'ap viv la. Patisipan sa yo resevwa yon sètifika ki di ke yo pran angajman nan lit pou chanjman sosyal la paske okenn chanjman pa posib san konsyantizasyon ak sansibilizasyon moun yo fè pòv yo.
|