MPP wè kijan peyizan yo gen pwoblèm nan zafè elektrisite sitou nan milye andeyò yo, nan ki mòd sitiyasyon y'ap viv li deside mete yon sistèm enèji kanpe pou fasilite moun k'ap viv andeyò yo jwenn aksè ak sa yo rele kouran. Se pou rezon sa a, pwojè a konstwi plizyè abri kominotè ki genyen 2 pano solè, yon batri ak yon envètè nan zòn yo pou fasilite moun yo jwenn kouran, pou chaje telefòn yo, pou jwe domino, kat, tire kont lannwit menm jan sa te konn fèt lontan.
Sa pa rete la sèlman, li wè nan ki sitiyasyon elèv lekòl yo, pwofesè yo ye pou etidye epi prepare leson ak egzamen, li enstale yon sistèm ki genyen yon televizyon, òdinatè nan plizyè lekòl nasyonal pou ede elèv yo, pwofesè ak direktè yo amelyore travay yo. Epi li menm mete yon sistèm andedan chak dispansè ki tou pre kote lekòl nasyonal ki benefisye sistèm nan. Andedan dispansè sa a genyen yon refrijeratè, yo enstale 2 pano solè ak 2 batri plis yon envètè pou kapab konsève tout vaksen ak tout medikaman ki pa ka konsève nan chalè yo.
Sa pa sifi toujou, li wè moun yo fin koupe tout pye bwa pou fè chabon, yo pa gen pyès lòt bagay ki ka ede yo fè ti lajan ankò paske latè pa ka pwodwi manje ankò. MPP, MLAL ak CDF jije bon epi pran an konsiderasyon mete kanpe 3 gwo forè ak 3 pepinyè epi fòme de ajan pepinyeris ak ajan forestye pou jere forè yo ak pepinyè yo, li sible 3 zòn estratejik, zòn sa yo se: Mamon, Koladè ak Palma.
Chak pepinyè yo pwodwi anviwon 150,000 plantil (sitris ak forestye) epi ajan forestye yo genyen fòmasyon kòman pou yo koupe bwa yo, se pa koupe tout pye bwa answa men se ti branch yo. Pwojè a konstwi 3 gwo modèl fou pou moun yo kapab fè chabon, epi fou sa yo evite twòp gaspiyaj bwa epi mwens kòve, moun nan pa bezwen esklav chabon an tout lajounen tout lannwit, yo fòme moun pou sa espesyalman paske se pa menm bagay lè se atè chabon an fèt.
Non sèlman sa, pwojè a mete yon sistèm trètman dlo, ki pote non “KYÒS” ki genyen yon batri ak envètè epi yon pano solè ki ede moun nan zòn papay sove lavi yo nan bwè, sèvi ak move dlo. Avan anpil moun te mouri nan epidemi kolera nan bwè move dlo, paske se nan rivyè yo te konn pran dlo, men ak prezans kyòs sa a MPP, CDF ak MLAL mete a dispozisyon moun yo, li sove lavi anpil nan yo.
Aliénise CED